Plis pase yon douzèn moun mouri nan kolera nan zòn Kenskòf 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plis pase yon douzèn moun mouri nan kolera nan zòn kenskòf 

Maladi Kolera kontinye ap layite kòl nan peyi a, epidemi sila kontinye retire lavi moun.  Nan seksyon kominal Kenskòf yon douzèn  moun ki trape maladi a pèdi lavi yo, daprè enfòmasyon otorite lokal yo bay. 

Daprè Massillon Jean, ajan egzekitif pwovizwa komin nan, epidemi kolera a deja  lakòz lanmò 15 moun. Li fè konnen tou yo jwenn ka sa yo nan nivo 3 seksyon kominal yo ki se :  

- Advertisement -
Ad imageAd image

-Seksyon kominal Gran Fò 

-Seksyon kominal Sousay 

-Seksyon kominal  Bèl Fontèn  

Se sak fè, Massillon Jean, ajan egzekitif pwovizwa a mande Ministè Sante Piblik ak Popilasyon(MSPP)  pou vin ede popilasyon Kenskòf la pou maladi a pa lakòz plis lanmò.  Nan sans sa a li raple MSPP sou epidemi gratèl ki te frape popilasyon sa a, nan mwa pase yo. 

Pou rapèl, aprè plis pase 3 lane san okenn ka, Ayiti te rapòte ka kolera nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan 2 oktòb 2022.  Apre tranbleman tè 2010 la, yo te rapòte yon epidemi kolera an Ayiti akòz dechaj dlo  ki sòti nan yon baz mentyen lapè Nasyonzini yo nan yon rivyè, ki te lakòz anviwon 10 000 moun mouri ak plis pase 820 000 moun enfekte. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.