Atis Belo di pa tann li mouri pou nou ede l rive atenn ba 100 mil abone a sou YouTube 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
atis belo di pa tann li mouri pou nou ede l rive atenn ba 100 mil abone a sou youtube 

Chantè Jean Belony Murat, ki gen non atis Belo, mande pèp ayisyen an ak konsomatè li yo pou ede li rive jwenn twofe pou 100 mil abone YouTube bay la lè yon chèn difizyon rive atenn kantite abone sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou Facebook, atis la lamante sou ka defen Michael Benjamin (Mikaben), kote se lè li fin mouri paj YouTube li a rive atenn 118 mil abone. Belo di pa tann li mouri pou yo ede l rive atenn ba 100 mil abone a sou platfòm difizyon kontni sila. 

“Mikaben pat gen chans touche plak 100k abòne youtube la malgre li te merite l pandan li te vivan, nou ba li nan 15 jou selman lè li mouri. Jodia m ap mande chak moun ki poko fè l e ki panse yo ta fè l si l ta mouri : “BelO Haiti” bezwen 100k”, se deklarasyon atis la nan yon piblikasyon Facebook ayè mèkredi swa. Li resevwa senpati anpil moun.  

N ap raple kèk jou aprè lanmò Mikaben 15 Oktòb pase a nan peyi Lafrans, anpil moun t ap pral kritike pèp ayisyen an ki pa t sipòte atis la pandan l vivan. Yo te menm ale pi lwen pou konpare paj YouTube Mika ak pa yon chèf gang ki se Izo. Malgre atis “vèsatil” la te plis enplike nan bati yon sosyete miyò pou avni peyi a, sa pa t anpeche bandi a te gen plis moun ki t ap suiv li sou rezo sosyal yo, patikilyèman sou YouTube. 

Nan dat 18 Oktòb la, plizyè medya sosyal te siyale Mikaben te gen 63.1k pou 40 videyo sou YouTube alòske Izo te genyen 71.7k pou 21 videyo. Depi lè sa yon veritab kanpay te deklanche pou te bay Mikaben plis “Like”. Pou kounya paj li a ak 118k alòske pa Izo a ak 75k. 

Paj YouTube Mikaben nan resevwa plak YouTube la dènyèman, malerezman li pa la pou jwi l paske yon kategori moun te vin deside sipòte zèv li yo twò ta. Se pou sa atis Belo mande pou yo sipòte l avan li ale. 

Mizisyen an mande pou nou abone ak paj YouTube li a ki se « Belo Haiti », epi pèmèt li atenn objektif 100 mil abone a avan Desanm 2022 rive nan lyen sila

 www.youtube.com/belohaiti?sub_confirmation=1. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktyèlman paj YouTube Belo Haiti a ak 56.4k pou 296 videyo, kisa w ap tann pou w al bay li grenn sipò pa w la ? 

 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.