Plis pase yon santèn kamyon chaje nan tèminal Varreux pou jounen 9 novanm nan

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
plis pase yon santèn kamyon chaje nan tèminal varreux pou jounen 9 novanm nan

Apwovizonman ponp yo ap rapouswiv nan ponp yo. Responsab tèminal Varreux yo fè piblik la konnen gen plizyè kamyon ki deja resevwa gaz pou al distribiye nan estasyon sèvis yo ki sou tout etandi teritwa. 

Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li 9 Novanm lan, Varreux enfòme responsab yo deja chaje 102 kamyon sitèn nan sant WINECO, kote yo estoke gaz anndan tèminal la, pou sèl jounen sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsa li founi 495 mil galon dyezèl ak 346 mil 400 galon gazolin, ki pral alimante ponp yo atravè peyi a. 

N ap raple nan kad repriz aktivite li yo, tèminal Varreux ki nan komin Site Solèy te deja enfòme nan premye jounen an yo te chaje 45 kamyon sitèn ki te gen abò yo 303 mil 862 galon dyezèl ak 39 mil 301 galon gazolin. Pa gen okenn livrezon kewozèn (gaz blan) ki fèt.  

Gouvènman ayisyen an atravè Ministè Komès ak Endistri (MCI) te enfòme jounen 9, 10 ak 11 Novanm lan se te pou alimante tout estasyon sèvis peyi a, pou popilasyon an kapab kòmanse al achte gaz nan ponp yo jan sa dwe fèt apati samdi 12 novanm k ap vini la. 

N ap ajoute jiskaprezan pa genyen okenn kominike ki sòti pa bò kote pouvwa anplas la pou enfòme yon fwa ankò nouvo pri gaz la pral vann nan ponp yo depi aprè Premye minis Ariel Henry te deside monte pri yo epi anile sibvansyon yo sou mache lokal la mwa septanm pase. 

Wi, nan dat 13 septanm nan n ap raple, Premye minis peyi a, pandan yon konsèy minis, te chita sou nouvo pri pwodwi petwolye yo te dwe vann nan ponp yo. Konsa gazolin nan ki te vann 250 goud te pase ak 570 goud, dyezèl la 353 pou 670 goud, epi kewozèn nan 352 pou 665 goud. 

Leta ayisyen te ajiste pri yo konsa: 320 goud ogmantasyon sou gazolin nan, 317 goud sou dyezèl la epi 313 goud sou kewozèn nan, mete sou sa rejim Tèt Kale a te deklare li paka sibvansyone gaz la ankò. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.