Sa fè plizyè jou depi moun nan Ti Rivyè Latibonit ap sibi gwo presyon anba men bandi ak zam. Malgre plizyè masak ki fèt nan mitan popilasyon an, pyès otorite pako janm reyèlman panche sou pwoblèm sila k ap etann kò l piti piti nan depatman.
Afwontman ki genyen ant bandi Savyen ak Jandeni yo toujou ap kontinye anba chal malgre plizyè fòs polisyè te fè entèvansyon nan zòn sila. Yon abitan nan zòn nan esplike touman moun ki pa menm konsène ak konfli sila ap andire a chak fwa Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè yon entèvansyon nan zòn nan.
Sitwayen sa ki mande anonima pa mezi sekirite rapòte “zòn Ti Rivyè pa reyèlman an sekirite, sitou lè solèy pra l kouche”. “Menm si bandi yo pran raje pou yo, sa pa anpeche lè yo mete tèt yo deyò yo fè viktim a chak fwa”.
Bandi yo, akòz popilasyon an te aplodi entèvansyon lapolis la ki te pèmèt yo tiye chèf gang « Nan Palmis » la, Lodè, ap retire vi chak moun yo kwaze sou chimen yo ki sòti nan lokalite advès yo. Sa yo pa fiziye, yo mete manchèt sou yo oubyen bat yo.
“Monchè frè m n ap viv ak kè sote paske gen yon fenomèn k ap devlope aktyèlman se yon bagay terib. Ou ka ap pral nan jaden w, oubyen w pra l nan aktivite w epi w al pantan sou yon kadav”, se sa li rapòte, kòmkwa kriminèl yo chanje mòd operatwa yo, y ap fè viktim an kachèt.
Li revele tou aprè plizyè polisye UDMO (Unité Départementale de Maintien de l’Ordre) te fin koupe souf chèf gang Goliath, ki t ap opere nan « Lucas », zòn Savyen, òlalwa yo pran plezi nan rantre lakay moun, bat ak vyole yo epi dechouke komès yo. N ap raple aprè lanmò manb gang Gran grif la popilasyon an te pran lari pou manifeste lajwa yo, san yo pa t atann yo sa t ap pral pi frajil pou yo pi douvan.
Ti Mepri ak Ti Lukson, ki se advèsè, ap toke kòn yo ak plizyè kolòn jenn gason depi plizyè mwa deja e viktim yo fè kontwole pa dizèn, pami yo plizyè sivil, sitou ti peyizan ki pral nan mache. San konte yo abitye mete dife nan kay plizyè abitan. Malgre tout sa yo, tou lè 2 kan yo ap revandike inosans yo epi lage chay la sou pati advès la.
Kit se nan Baryè Léon, sou Dig, elatriye, pyès moun pa alabri, genyen ki menm oblije al refijye yo zòn Lyankou, Pon Sonde, oubyen Vèrèt. Oubyen yo kite depatman Latibonit la nèt pou yo pa viktim anba ensekirite nan lokalite sila yo ki gen pou orijin yon konfli pou teritwa ki te kòmanse ak wòch epi manchèt sa genyen plis pase 5 lane deja.
N ap raple nan mwa Jiyè 2022 a, plis pase yon kenzèn moun te mouri suit ak yon afwontman ant bandi Savyen ak Jean Denis yo. Collectif Défenseur Plus, yon òganizasyon k ap defann dwa moun, te drese yon bilan enkyetan aprè dram nan
Mèt Antonal Mortimé te revele plis pase yon ventèn moun te mouri anba bal, manchèt ak dife bandi san fwa ni lwa yo. Malgre l te bay alèt sou sitiyasyon an otorite yo pat vrèman pran demann li a an konsiderasyon, jounen jodi a menm sèn yo ap repwodwi.
N ap raple depi nan kòmansman semèn nan plizyè santèn moun nan Ti Rivyè Latibonit te pran lari pou fè vwa yo rive nan zòrèy otorite yo. Pami kèk lòt revandikasyon, yo mande pou Leta ayisyen ak lapolis pran bon dispozisyon pou ka fè lapè tounen nan rejyon an paske tout aktivite paralize, wout yo koupe an rezon risk ki genyen pou machin ak tout pasaje k ap pratike yo.
Facebook Comments