Plizyè ajan CIMO fè yon don san pou sove kèk moun ki nan nesesite

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Kredi Foto : PNH

Nan kad eleman estratejik polis kominotè ki afekte pwoblèm san renouvlab nan peyi a, ofisye polis yo ki fè pati kò entèvansyon ak antretyen lòd (CIMO) te bay san yo jou lendi 5 septanm 2022 a pandan yon vizit ekip Pwogram Transfizyon San (PNTS) nan baz CIMO, ki chita kòl nan papòt Delmas A-1.

Ekip PNTS la te kolekte yon valè 31 sak san kòm don, nan sousi pou fasilite ofisye ki konn viktim pandan operasyon pou tabli lòd ak sekirite nan peyi a jwenn bon jan laswenyay pou kontinye misyon yo ki se pwoteje ak sèvi.

Fòk nou di tou gen yon memorandòm konpreyansyon ki deja egziste ant PNTS ak PNH ki anpil kolaborsyon yo pral tanmen ansanm, menmjan yo kòmanse mete san disponib nan benefis polisye ki blese anba bal oswa pandan yon aksidan.

Fòk nou raple tou, se pa premye fwa ajan CIMO yo ap fè prèv jenewozite sa a. Nan mwa dawout 2021, aprè gwo tranbleman tè a ki te sakaje Gran Sid peyi a, ofisye polis CIMO yo te mobilize epi yo te rive kolekte divès pochèt san ki te espesyalman fèt pou viktim tranbleman tè a.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.