Batay ant fòs ki rete fidèl a Prezidan Salva Kiir ak Vis-Prezidan Riek Machar la te lakòz lanmò anviwon 173 sivil epi 37 ka kidnapin ki anrejistre pandan kat mwa nan Sid peyi Soudan, selon yon nòt Nasyonzini pibliye madi 6 septanm 2022 a, yo denonse tou anpil ka vyolans seksyèl ki prezante pandan peryòd sa yo.
Eklatman yo te fèt ant fevriye ak me nan blòk Koch, Leer ak Mayendit, ki sitiye ant 400 kilomèt nan nò kapital Juba nan Eta Inite, yon gwo fòs pro-Machar SPLA-IO. « Ostilite nan Sid Eta Inite a, te afekte omwen 28 vilaj […] aprè dram nan espesyalis yo estime genyen 173 sivil ki mouri, 12 moun blese, 37 fanm ak timoun kidnape, » toujou selon rapò Nasyonzini an nan (Unmiss).
Gen kèk moun yo te kidnape ki sibi « vyolans seksyèl, rapò a mansyone tou genyen ladan yo se tifi 8 lane. Yon tifi 9 lane pèdi lavi li aprè plizyè gang ta fin vyole l. Nasyonzini relate tou genyen 131 ka vyòl antou ki rekonèt, tout se chimè ki òganize yo. Zafè Vyolans sa tou te lakòz anviwon 44,000 moun kouri kite vilaj yo.
Facebook Comments