Plizyè akolit “Lanmò San Jou” lage pye yo kay vwazen

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
plizyè akolit “lanmò san jou” lage pye yo kay vwazen

Batay pèp ayisyen an kont ensekirite an kontinye ap pran nivo nan plizyè komin sou teritwa a, men gen kote l poko janm rive reyèlman, pami yo Kwadèboukè.

Komin sila nan rejyon metwopolitèn lan ki anba men gang “400 Mawozo” yo, toujou pa aksesib pou kèk moun akoz fason bandi yo ap opere nan zòn sa. Mete sou sa, pase la se pase nan pòt lanmò tou vivan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Menm si Kwadèboukè rete youn nan zòn ki gen move repitasyon akoz ensekirite a, sa pa anpeche plizyè bandi k ap opere ladan l yo lage pye yo kay vwazen, an Repiblik dominikèn. Avèk mouvman popilè “Bwa Kale” a ki bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) yon asirans anplis, kèk nan kriminèl yo ki pi pridan, prefere sove kite Wilson Joseph alyas « Lanmò San Jou » pou al mawon lòt kote. E operasyon lapolis ap mennen aktyèlman nan Vilaj de Dye a se youn nan prensipal koz yo.

Wi, depi plizyè jou, PNH la atravè plizyè inite espesyalize tankou SWAT ak UTAG lanse divès operasyon pou deloje gang yo anndan Vilaj de Dye ak zòn ki anviwonnen l yo, e batay la ap entansifye. Pa gen pèsonn ki te atann yo ak yon sipriz parèy, e chèf gang yo ladan l tou. Depi lè sa, tout kòmanse prepare yo pou fè fas ak lapolis.

« Lanmò San Jou » ki pwoklame tèt li “Bawon Plèn lan” pa anpè ditou, paske li se youn nan alye Johnson André (Izo) yo. Bandi gang 5 Segond lan te menm envite l, pami plizyè lòt chèf gang, pou yo te atake plizyè komin nan kè Pòtoprens lan, pami yo Dèlma ak Petyonvil akoz popilasyon k ap viv la yo te patisipe nan “Bwa Kale” a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article