Plizyè elèv 9yèm ane fondamantal jwenn arestasyon yo pou twoub lapè piblik

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè elèv 9yèm ane fondamantal jwenn arestasyon yo pou twoub lapè piblik
Ayè mèkredi 20 jiyè 2023 a te make fen egzamen ofisyèl elèv 9yèm ane fondamantal yo nan 4 kwen peyi a. Men malerezman, jounen sila make ak divès dezòd yo poze sou pasaj yo nan plizyè zòn nan depatman Lwès la, patikilyèman nan Sant vil Pòtoprens ak nan plizyè lòt zòn nan pwovens yo.
Ayè mèkredi a, plizyè elèv 9yèm ane, aprè yo te fin klotire dènye jou egzamen yo, te pran plezi nan fè dezòd nan lari kapital la ak tout inifòm sou yo. Nan zòn Channmas, yo te menm rive penetre nan espas ki loje estati papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines, epi monte sou moniman istorik sila. Divès imaj ki pa fè anpil moun plezi.
Konsa tou, nan zòn Karade ki sou Taba, yo te anpeche sikilasyon an fèt kòmsadwa nan kanpe nan mitan lari pou bloke machin k ap sikile.
Si n kwè sa Jacmel info rapòte, nan depatman Sidès peyi a, zòn Jakmèl, sitiyasyon an pa t diferan. Plizyè elèv 9yèm ak tout inifòm te desann sou plaj Lasalin ak tout inifòm al benyen, bwè tafya epi fè dezòd. Se lapolis ki te oblije vin pran kontwòl sitiyasyon an epi arete plizyè nan yo. Menm ka a repete nan zòn Miragwàn tou.
Sou rezo sosyal yo, sitou sou Facebook, moun pa t met dlo nan bouch yo pou kritike konpòtman sila yo ki ap sal imaj zansèt yo ak imaj ledikasyon. Toutfwa, itilizatè yo bay militan politik yo pote chay la paske yo souvan konn vandalize moniman istorik yo lè y ap fè vwa yo pase.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.