Plizyè lekòl nan komin Kafou pa fonksyone jodi lendi 30 janye a

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
plizyè lekòl nan komin kafou pa fonksyone jodi lendi 30 janye a
Komin kafou leve ak yon vizaj fennen jodi lendi 30 janvye 2023 a, plizyè lekòl pa louvri pòt yo. Depi aprè lanmò 6 polisye yo, yon gwo tansyon te leve nan zòn sila a, nan dat jedi 26 janvye pase a anpil lekòl te oblije voye ti moun yo tounen.
Plizyè paran te panse tout etablisman yo t ap fonksyone jan sa ta dwe ye pou jodi lendi 30 janvye a, poutan, se pa sa ki fèt. Plizyè elèv ki te pran direksyon komin Kafou te oblije tounen.
Daprè deklasyon yon elèv  »Centre d’étude de lumière » ki twouvel nan lokalite  kot plaj 16,  »nan lè li te deplase a pat gen machin ki t ap chaje pou ale  kafou », li te oblije pran direksyon lakay li.
Sitiyasyon politik, sosyal ak ekonomik peyi a te deja lakoz lekòl yo te louvri pòt yo byen ta. Poutan, nan peyi avanse yo, malgre kriz peyi yo te ka konnen, responsab yo toujou fè yon fason pou lekòl yo fonksyone kòmsadwa, paske yo konnen edikasyon jwe yon gwo wòl nan devlopman yon peyi.
Alòske, pou peyi Dayiti se kontrè a ki toujou fèt, responsab yo pa priyorize edikasyon ditou nan peyi a. Sa ki lakoz kriz la rive nan dimansyon sa, se gang ki sanse ap enpoze lwa yo sou tout teritwa nasyonal la, pèsòn moun pa ka di anyen, epi peyi a ap plonje chak jou pi plis nan yon tenèb.

Facebook Comments

Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.