Plizyè moun blese anba bal zòn Pòtay Leyogàn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
plizyè moun blese anba bal zòn pòtay leyogàn
Bandi Matisan yo reprann sèvis depi ayè madi 15 novanm 2022 a. Aprè plizyè jou yo te fè yon trèv nan rantre sid kapital la, gwoup gang k ap dirije zòn sila a reprann sèvis epi lakòz plizyè moun viktim ayè nan lajounen.
Nan Pòtay Leyogàn, plizyè moun blese anba bal nan moman yo t ap pase Matisan, swa pou rantre oubyen pou kite Pòtoprens. Aprè kout zam te pran chante nan rantre sid kapital la.
Plizyè nan viktim yo te transfere nan lopital tankou ”Médecins Sans Frontières” (MSF), Saint François de Sales, elatriye. Genyen nan yo ki te nan gwo difikilte pou jwenn swen jan sa toujou fèt nan peyi d Ayiti sitou nan zafè lasante. Jwenn yon ti pòch san pa t fasil ditou.
Depi nan kòmansman mwa novanm lan, plizyè viktim ensekirite resanse nan zòn sila, sitou nan moman machin ap tante travèse rantre sid kapital la pou rann yo nan Gran Sid teritwa. 3 novanm pase a, menm jan ak plizyè fwa nan lòt mwa avan yo, plizyè moun te sòti blese nan yon machin ki t ap asire trajè Kafou/Santvil bandi Matisan te tire sou yo.
Lapolis nasyonal d Ayiti absan nan zòn sila pou ta bay sekirite, malerezman yo menm tou yo chita nan ranje viktim yo paske yo pa gen ase fòs ni kapasite pou fè fas ak kriminèl san fwa ni lwa sa yo k ap dirije tout 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan depi kèk ane.
Depi lè ensekirite a fin tabli kò l kè pòpòz nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo, pi fò moun fè komès sou lanmè, malgre sa yo viktim paske bandi Vilaj de Dye yo opere sou lanmè tou gras ak chaloup. Sa ki lakòz ni atè ni sou dlo pa an sekirite.
N ap raple, sila ki te konn pase pa wout Sen Jude yo bloke tou sitou depi lè ensekirite a fin tabli kò l nan zòn Kafoufèy, patikilyèman nan Savann Pistach, kote afwontman ant gang deja fè plizyè viktim, pami yo divès inosan.
Alòske fèt fen dane yo ap rive, anpil moun poko wè kouman yo pral fè pou asire vi yo nan komès ak transpò, elatriye, pou desanm k ap vini la. Depi omwen 1 lane 3yèm nan bloke, Leta ayisyen pa di anyen sou sitiyasyon sila ki pran rantre sid kapital la an otaj epi paralize yon pati teritwa. Pandan n ap siyale rantre nò a bloke tou avèk gè ant gang ak gang epitou gang ak lapolis, ki genyen nan awondisman Kwadèboukè a pou teritwa, patikilyèman nan Kanaran.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.