Prezidan ameriken an Joe Biden, te anonse nan dat 5 janvye 2023 a, posiblite pou imigran ki soti Ayiti antre legalman Ozetazini atravè pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la. Depi aprè anons sa a Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an pa gen kote pou li kenbe moun ankò andedan kou deyò. Ayisyen yo debake an fou l, pou yo al renouvle oswa fè paspò yo nan lide pou kite peyi a.
Vrèman vre, depi anons Prezidan ameriken an, chak jou, plizyè santèn sitwayen Ayisyen rasanble tou pre sant resepsyon yo pou aplikasyon paspò, anpil nan yo ale nan lespwa y ap jwenn paspò yo. Genyn tou ki ale nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an ak lespwa y ap antre, malerezman plizyè jou konn pase anpil nan yo pa jwenn chans sa a.
Gen kèk sitwayen ki fè konnen yo konn fè plizyè semèn ap pran liy devan Imigrasyon yo pa janm ka antre, se sak fè genyen ki konn rete dòmi devan Imigrasyon nan move kondisyon ak lespwa pou yo fè pati moun sa yo k ap gen chans antre andedan Biwo Imigrasyon an.
Se ka Magie, yon jèn dam ki rete nan zòn Ravin Pentad, ki te deklare nan yon entèvyou ak youn nan manm redaksyon NetAlKolemedia, »anvan li jwenn paspò li a, li menm ak mari l te oblije dòmi devan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon ki chita kò l sou Lali a (Lalue) ».
« Mwen fè 2 semèn ap mache devan imigrasyon, mwen pa janm ka antre tèlman gen moun. Mwen ret pi wo a nan Ravin Pentad la, mwen konn desann devan Biwo a depi a 4è nan meten, mwen fè jounen an, mwen paka antre pou jis yo fèmen, » te eksplike Madam Magie, ki kontinye pou l di » mwen te bezwen paspò a rapid, se sa k fè mwen te oblije fè mari m vin domi avè m devan imigrasyon an pou m te ka antre. »
Finalman Madam Magie fè konnen li te rive jwenn pasò a, tout pandan li te fè konnen gen plizyè sitwayen ki rete domi devan Imigrasyon pou yo kapab jwenn paspò yo.
Kite peyi a se objektif anpil moun, pou yo rive atenn objektif sa a, anpil sitwayen Ayisyen riske lavi yo. Yon sitiyasyon ki montre pa gen okenn espwa ankò, pandan otorite yo kontinye ap goumen pou pouvwa a.
Facebook Comments