Seleksyon U17 la ap prepare eliminatwa Mondyal li

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
seleksyon u17 la ap prepare eliminatwa mondyal li
Seleksyon U17 peyi Dayiti a ki gen nan tèt li Angelo Jean Baptiste, ap prepare l danble pou l al jwe eliminatwa Mondyal U17 2023 a. Plizyè match amikal prevwa òganize nan kad preparasyon sila a.
Mondyal U17 FIFA a ap fèt nan peyi Pewou nan lane 2023 sa a. Ayiti kalifye pou dènye faz eliminatwa zòn Concacaf la epi li ta renmen pran youn nan biyè yo. Nan ka sa, estaf k ap dirije jèn jwè sa yo konsyan se pare pou yo pare.
Gwoup la reyini depi kèk jou nan Sendomeng pou yo tanmen ak preparasyon yo. Samdi 28 Janvye a, seleksyon an jwe premye match amikal li anfas  »Escuela de Fútbol Rayos Del Este ». Ekip nasyonal U17 la pèdi match sa (2-4) fas lekòl foutbòl sa.
Ti mesye Angelo Jean Baptiste yo rete 3 lòt rankont pou prepare yo. Tou dabò, y ap kwaze ak seleksyon U20 Repiblik Dominikèn nan. Se ekip sa ki te fè final nan dènye tounwa U20 Concacaf la sa ki te ba l dwa al jwe Mondyal U20 2023 a ak JO 2024.
Annapre, ayisyen yo ap kontrekare ekip U17 Sendomeng 2 fwa youn dèyè lòt. Premye match la ap jwe 5 Fevriye epi dezyèm nan ap jwe 8 Fevriye. Tounwa kalifikatif Concacaf la ap fèt Guatemala soti 11 pou rive 23 Fevriye.
Nan faz eliminatwa sa, seleksyon nasyonal U17 la pral chèche kalifye pou Mondyal kategori sa pou yon twazyèm fwa. Nan lane 2007 ak 2019, jèn ayisyen yo te kalifye pou tounwa a. Se sèl nan kategori sa Ayiti gen 2 patisipasyon nan Koupdimonn.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.