Granm bonè maten madi 3 oktòb 2023 a, plizyè manm popilasyon Gonayivyèn lan tiye epi boukannen yon sitwayen ki te swadizan sèvi kòm menas. Daprè temwanyaj divès moun ki t ap asiste ak sèn sa, sitwayen an ta yon moun tèt pa dwat (moun fou).
Aksyon an pase byen bonè maten 3 oktòb la nan kafou K Solèy, yon katye nan komin Gonayiv.
Endividi an anpil moun fè konnen ki se yon malad mantal, te genyen nan men l yon kouto pandan aksyon an. Kèk nan enplike nan lanmò prezime moun fou a te fè konnen, « nonm lan te sèvi yo kòm menas ».
Pou moman n ap ekri atik sa a 8è ak 20 minit, redaksyon an poko an mezi pou idantifye non endividi an. Èske se yon fòm Bwa Kale ? Lè n konsidere mouvman sa a ki genyen kòm deviz pou trake bandi san fwa ni lwa k ap taye banda nan peyi a.
Facebook Comments