Yvenson Joinvil, ki se jounalis radyo « Zénith FM » viktim yon bal 12 nan pye nan manifestasyon ki te fèt nan vil prensipal peyi a ayè 7 septanm 2022 a, selon sa jounalis la rapòte redaksyon NAK MÉDIA, se yon polisye UDMO ki brake zam li epi ki tire sou jounalis la ak tout sanfwa li. Apre polisye a ta fin komèt enjistis la, li chape sèn krim nan kòmsi se te yon prezime gang li te fizye.
Sa pa gen yon lane depi jounalis yo te foule beton an pou plede kont britalite yo toujou ap sibi nan manifestasyon yo anba men fòs lòd yo, malgre plent ki pote, malgre akò ki fèt ant jounalis yo ak enstitisyon an sa pa anpeche polisye yo aji an « bouwo » ak anplwaye laprès yo. Ayè 7 septanm nan journalis Yvenson te nouvo sib mesye yo alòske selon sa plizyè moun ki te sou plas rapòte, jounalis la tap fè travay li nan bon kondisyon lè ajan UDMO yo ta pral menase l.
« Mwen te kanpe bò ministè planifikasyon an lè yon bakòp 1-00189 ta pral lanse yon gaz lakrimojèn bò vizaj mwen » li kòmanse eksplike nou sèn nan konsa… » Mwen di, mwen se yon jounalis wi, fòk nou fè atansyon lè nap tire gaz la, mwen ka viktim. » Konsa youn nan polisye yo pouse l ak yon boukliye epi yon lòt ajan ki te kagoule brake yon zam 12 epi li tire nan pye jounalis la, se Kilik ak kèk lòt militan ankò ki te sou plas ki te mennen konfrè a al pran premye swen nesesè yo.
Jounalis radyo Zénith lan konfime li pap rete « bouch b » aprè zak sa a, tout mezi deja pran pou al pote yon plent nan enspeksyon jeneral kont polisye yo ki te nan bakòp 1-00189 la jounen 7 septanm 2022 a, selon sa li di, se pwopriyetè radyo a Rony Colin ki pran tout responsabilite yo ansanm ak avoka pèp la Mèt Arnel Remy.

