Pou 120 lane ekzistans li, Atletico Madrid genyen Mallorca (3-1)

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
pou 120 lane ekzistans li, atletico madrid genyen mallorca (3 1)

Aprè defèt Colchoneros yo nan Liga fas ekip Barcelone nan pou 31nyèm jounen a (0-1), jodi mekrèdi a, Atletico Madrid genyen Mallorca (3-1). Yon viktwa ki mete ekip Diego Simeone a ak 2 pwen nan do ekip Real Madrid la nan klasman chanpyona.

Atletico Madrid bat Mallorca 3-1 pou 120 ane ekzistans yo. Klèb la ki te pran nesans nan lane 1903 ap selebre plis pase yon syèk nan chanpyona espanyol la. Jwè ki rive fè gòl yo pou fomasyon Atletico a se De Paul, Morata epi Carrasco, ki fini jwè match la.

Yon bèl viktwa pou Colchoneros yo ki ap menase Real Madrid nan 2zyèm klasman Liga ak 63 pwen, sèlman 2 pwen ki separe yo ak ekip Carlo Ancelotti a.

Yon rankont koyekipye Antoine Greizman yo te metrize ak yon anpil posesyon balon yo te genyen. Ekip Mallorca ta pral ouvè mak la nan 20tyèm minit jwèt la. Avan mitan fini De Paul ta pral egalize aprè yon pas Griezmann. Nan dezyèm mitan, Morata ta pral double mak la nan 47tyèm epi Carrasco ta pral fin fè rès travay la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article