AN KREYÒLPOLITIQUE

Pou Nwèl la, Ariel Henry mande pou lapè tounen nan zòn ki nan gè yo 

Pèsòn pakonn si chèf gouvènman “monosefal” la kwè nan Tonton Nwèl, men pou fèt fen ane yo, Ariel Henry di li swete pou lapè ta tounen nan zòn ki nan gè yo atravè mond lan pou lane 2023. 

Ayè 19 desanm 2022 a, Ekselans li M. Ariel Henry te resevwa salitasyon ofisyèl fen ane 2022 a ak Nouvèl An 2023. 

Nan rezidans prive PM nan ki Boudon, Pòtoprens, plizyè chèf ak manb misyon diplomatik ak konsilè, reprezantan òganizasyon entènasyonal ak gwo chabrak nan Leta yo, pou n site sa yo sèlman, tout te defile youn dèyè lòt pou te salye Ariel Henry epi prezante li ve yo nan okazyon fèt Nwèl la ak Nouvèl An k ap vini la. 

Okazyon sila te pèmèt lokatè Primati a bay yon mesaj espwa ki chita sou lapè. 

“Nan non gouvènman an, nan non pèp ayisyen an ak nan non mwen, mwen ta rekonesan si w ta transmèt bay fanmi w, gouvènman respektif ou yo ak lidè òganizasyon w yo, pi bon swè nou pou ane 2023 la. Se pou ane gras 2023 se yon ane ki wè lapè ap retounen nan tout zòn konfli atravè mond lan”, yon pati nan ve prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), Ariel Henry. 

Apa kèk kote nan mond lan ki an boulvès, n ap raple depi kèk tan peyi d Ayiti tonbe totalman anba kontwòl gang, genyen anpil zòn polis paka pase la yo oubyen paka tabli baz yo la.  

Ka asasina, kidnapin, vyòl ak vòl yo ogmante, men malerezman pa genyen okenn vrè dispozisyon ki pran pou tabli lapè ak sekirite la yo. Mete sou sa ane akademik 2022-2023 elèv yo relanse anba gwo difikilte akòz lekòl la te fèmen pandan omwen 3 mwa. 

Si lavi ap reprann piti piti nan mitan popilasyon an nan kapital la Pòtoprens aprè prèske 3 mwa lòk, nan kèk lòt zòn toujou gen bandi ak zam ki kontinye ap layite kò yo la, sitou nan vil pwovens yo. 

Gouvènman swete wè lapè tounen la yo, men malerezman li poko gen yon plan pou retabli lapè sou teritwa a, jiskaprezan l ap tann yon entèvansyon militè nan peyi d Ayiti pou vin pote yon kout men nan batay kont gang yo. Demand sila ateri devan Konsèy sekirite Nasyonzini an (CSNU) ayè lendi 19 desanm nan. 

 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.