Premier League – Match yo repòte akoz lanmò larèn Elizabeth II 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
premier league match yo repòte akoz lanmò larèn elizabeth ii 

Premier League la anonse, jounen jodi vandredi 9 Septanm 2022 a, tout match ki te gen pou jwe wikenn sa yo repòte pou yon lòt dat. Se akoz lanmò larèn Elizabeth II a ki fè lig Angletè a pran desizyon.  

Peyi Angletè frape ak nouvèl lanmò rèn yo, Elizabeth II ki t ap dirije peyi sa depi 70 lane. Li etenn jedi sa ak 96 lane. Se tou pa fanatik foutbòl yo pou yo tris paske Premier League la anonse pa gen boul k ap bwase sou okenn teren wikenn sa pou yo ka fè dèy rèn yo a. Desizyon sa rive pran aprè yon rankont lig la fè maten an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon kominike ki parèt vandredi sa, asosyasyon a fè konnen : « An siy respè pou majeste larèn Elizabeth II, match Premier League wikenn sa yo repòte ». Menm match ki te gen pou jwe nan Championship la 9 ak 10 Septanm, dezyèm divizyon nan peyi Angletè, yo repòte pou yon lòt dat.  

Tout sa se pou yo rann omaj ak yon gran fanm ki make listwa lemond antye. Yo presize, toujou nan kominike sa, menm match dekale ki te gen pou fèt lendi aprèmidi an p ap jwe. Pi bonè nan jounen an, federasyon foutbòl nan peyi Iland Dinò te gentan fè konnen li kanpe match li yo pou depa rèn nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.