MENFP selebre 58èm jounen entènasyonal alfabetizasyon an 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
menfp selebre 58èm jounen entènasyonal alfabetizasyon an

Nan yon seremoni ki reyalize nan Hôtel Karibe jounen jedi 8 septanm lan, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl atravè Biwo sekretè deta pou alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl la selebre 58èm jounen entènasyonal alfabetizasyon an. 

An prezans plizyè kad nan MENFP epi Biwo sekretè deta pou alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl selebre jounen sa, anba tèm « alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl: angajman Leta ak tout sektè nan peyi an». 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat ki te prezan nan jounen selebrasyon sa pale de enpòtans alfabetizasyon nan sosyete a ki, pou li menm, se pa yon tan pèdi. 

« Alfabetizasyon se pa yon tan pèdi. Se respè dwa yon kategori moun nan sosyete a, tankou li ak ekri. Anplis, li se envestisman konesans kategori sa e ki kapab ede l fè l pase pi byen», deklare nimewo 1 MENFP a. 

Nan menm okazyon sa, Minis Nesmy Manigat enstale yon komisyon entèenstitisyonèl edikasyon nonfòmèl ki gen ladan l 20 manb ki reprezante plizyè ministè ak enstitisyon piblik, reprezantan òganizasyon nasyonal ak entènasyonal, elatriye. Yon komisyon ki gen pou prensipal misyon fasilite dyalòg ant tout antite ki enplike nan alfabetizasyon ak edikasyon nonfòmèl. 

Depi lane 1965, Òganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, syans ak kilti (UNESCO) deklare 8 septanm lan jounen entènasyonal alfabetizasyon. Ane sa, UNESCO sou bò pa l selebre jounen sa sou tèm « transfòme espas aprantisaj alfabetizasyon yo». 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.