18 ane egzistans pou Inite Lit Kont Koripsyon 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
18 ane egzistans pou Inite Lit Kont Koripsyon 

ULCC, youn nan enstitisyon Leta ayisyen genyen k ap goumen kont koripsyon nan peyi a, selebre jounen jedi 8 septanm lan, 18 èm anivèsè l depi kreyasyon l nan lane 2004. 

Nan okazyon selebrasyon disuityèm anivèsè Inite Lit Kont Koripsyon, yon mès chante jounen jedi 8 septanm lan an prezans direktè jeneral enstitisyon an ak plizyè lòt manb. A 18 an, jan sa ye pou pèsonalite fizik yo nan lwa peyi a, ULCC vini yon enstitisyon majè. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou rezo sosyal yo, enstitisyon an eksprime kontantman l sou travay li 18 lane aprè kreyasyon l. « Disuit lane deja ap sèvi devlopman ekonomik Ayiti nan batay n ap mennen san kanpe pou transparans, bon gouvènans ak redevablite», piblikasyon ki sou paj facebook enstitisyon an redaksyon an tradui. 

Nan okazyon sa, Inite Lit Kont Koripsyon anonse batay kont kont koripsyon an ki se prensipal misyon yo pral kontinye avèk plis enèji e menm konviksyon yo pou pwòpte enstitisyon piblik yo, daprè sa enstitisyon an fè konnen. 

8 septanm 2004, gouvènman defakto Boniface Alexandre avèk Gérard Latortue a ta pral pran yon dekrè pou te kreye enstitisyon Inite Lit Kont Koripsyon an nan lide pou te kapab frennen fenomèn koripsyon k ap taye banda nan administrasyon piblik lan depi yon pakèt tan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.