Pri paspò ap pete plafon nan ajans yo   

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pri paspò ap pete plafon nan ajans yo   

Aprè Prezidan ameriken an Joe Biden te fin anonse nan dat 5 janvye 2023 a, posiblite pou imigran ki soti Ayiti antre legalman Ozetazini atravè pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la, anpil Ayisyen pa te pran tan pou yo debake nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon pou yo retire oswa fè paspò yo, genyen ki pase pa ajans vwayaj yo, nan lide pou yo jwenn paspò yo pi vit, sa ki fè pri paspò nan ajans yo pase de 12 500 goud a 20 000 goud. 

Vrèman vre, ajans yo nan peyi a te sibi yon gwo ogmantasyon nan aplikasyon paspò depi kòmansman mwa janvye a apre anons Prezidan Ameriken an, ki te vle kreye 30,000 pèmi rezidans adisyonèl pa mwa, pou peyi ki gen plis imigran k ap antre ilegal Ozetazini, tankou Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chak jou, plizyè santèn sitwayen Ayisyen rasanble tou pre sant resepsyon yo pou aplikasyon paspò, anpil nan yo ale nan lespwa  y ap jwenn paspò yo. Genyen tou ki ale nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon ak lespwa y ap antre, malerezman plizyè jou konn pase anpil nan yo pa jwenn chans sa. Mete sou sa, plizyè jou konn pase nan semèn nan lè yo resi jwenn chans antre anndan espas la,  swa paspò a pa disponib, oswa konn pa gen sèvis. 

Pou anpil sitwayen ki pa vle pèdi tan, ak sa yo ki vle chape anba ensidan sa yo, yo te oblije konfye tout bagay yo nan men yon ajans vwayaj, san yo pa gen okenn kontak Direktè ak enteryè,  ki se sèlman al siyen. 

 » Mwen paka pase nan bourara sa yo, epi mwen bezwen paspò a rapid, mwen oblije ale nan yon ajans kote mwen peye 20 000 goud, epi yo banm randevou sou 10 jou pou mwen vin siyen anndan imigrasyon, epi aprè pou pi piti 22 jou paspò m ap nan menm », te deklare  yon sitwayen ak yon manm nan ekip redaksyon NetAlkoleMedia a, tout pandan li te kontinye pou li di, « avan anons Prezidan ameriken an Joe Biden, pri pou w te fè paspò nan ajans yo te 12 500 goud pou pi piti, se aprè anons lan li vin pase a 20 000 goud ». 

Konsa tou, gen Kèk sitwayen ki di 22 jou ajans yo  twòp, yo oblije pase pa lòt moun k ap kapab fè yo jwenn paspò yo nan yon tan ki pi kout, se ka  sa a pou Jean Eddy,  ki fè konnen li peye  yon moun plis pase 35 000 goud  pou li te kapab jwenn paspò li byen vit. 

 » Mwen fè plizyè jou ap mache devan imigrasyon mwen pa janm kapab antre, pafwa mwen ale depi 6 zè nan maten pou jis yo fèmen mwen pa antre, lapolis ap pouse nou, moun ap monte sou moun mwen pa janm jwenn chans antre, e mwen te bezwen paspò a rapid », te di  Jean Eddy, avan li te kontinye pou li di, « lè m wè sa mwen mande yon zanmi m  nimewo yon moun ki te fè pa l la pou li, epi lè zanmim nan ban mwen nimewo a, moun nan te mande m 50 000 goud, men nou te jwenn yon antant pou 36 000 goud. » 

Li enpòtan pou nou raple, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon te anonse nan semèn ki sot pase a, louvèti 3 sant resepsyon pou aplikasyon paspò yo nan lide pou asire yon pi bon jesyon sèvis. Daprè entitisyon piblik la, nouvo sant sa yo chita kò yo nan Gymnasium Vincent nan Pòtoprens, nan Pak Endistriyèl SONAPI ki sou wout ayewopò a, ak nan Pak Ste-Thérèse nan Komin Petyonvil la. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.