Bandi ak zam kidnape  istoryen Pierre Buteau

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi ak zam kidnape  istoryen pierre buteau

Bandi ak zam kidnape youn nan pi gwo istoryen Ayisyen yo, Pierre Buteau, zak kidnapin sa a fèt byen bonè madi 24 janvye 2023 a nan zòn Tomasen 32. 

Endividi ak zam moun pa rive idantifye kidnape byen bonè madi maten an istoryen epi pwofesè Pierre Buteau, save a ki te abò machin li ki se yon Toyota Prado, koulè blan, viktim zak kidnapin nan, alòske poko gen pyès enfòmasyon sou gwoup bandi ki ta lotè zak sa a ni kantite ranson ki egzije pou liberasyon li. Daprè Radio Métropole.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap raple, Istoryen Pierre Buteau te ansyen Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, li se tou manm Sosyete Istwa, Jewografi ak Akeyoloji nan peyi Dayiti.  

Viktim nan kolabore nan anpil piblikasyon ki konsakre ak drapo nasyonal la ansanm ak Biwo Komisyon Ayiti/UNESCO. Li te anime anpil emisyon radyo sou sa ki gen awè ak istwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.