Messi konte rete nan Paris Saint-Germain  

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
messi konte rete nan paris saint germain  

Aprè yon jounalis espanyòl ki rele Gerard Romero te anonse sou « Twitch », pou fè konnen Messi pa anvi rete nan PSG pou yon lòt sezon. Yon enfòmasyon klan Messi a ta demanti epi fè konnen Chanpyon Mondyal 2022 a pa gen okenn negosiyasyon ak lòt klèb.  

Enfòmasyon jounalis Gerard Romero fè anpil sansasyon sou rezo sosyal yo, se te yon rimè; kote li fè konnen Messi pa anvi kontinye jwe pou PSG sezon kap vini la, Pulga a rete 6 mwa pou kontra li fini ak klèb kapital Frans la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè ki pran Balon dò a 7 fwa pa gen okenn negosiyasyon ak lòt klèb daprè sa antouraj li fè konnen. Yon jounal nan peyi Ajanten, ki rele ‘Tyc Sports’ ale nan menm sans lan pou l fè konnen Messi pap negosye ak okenn lòt klèb.  

Daprè klan Messi a, gen 2 posibilite pou meyè jwe Mondyal 2022 a rete nan PSG : premye a se retire posibilte pou koze yon lòt sezon an epi 2zyèm lan se siyen yon lòt kontra ak prim. 

Sa ki enpòtan, Messi rete jwè PSG epi li alèz nan klèb la. Menm jan anpil moun oubyen fanatik ta renmen wè li tounen nan Barelone, pou li fini karyè li, anpil lòt ta swete wè Messi k ap leve Koup gwo zòrey la ak PSG. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article