PSG ap prepare pou l pran Victor Osimhen sezon k ap vini

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
psg ap prepare pou l pran victor osimhen sezon k ap vini

Pou sezon k ap vini an, Nijeryen an, Victor Osimhen se youn nan priyorite ekip PSG a. Daprè « RMC Sport » Luis Campos, gentan ap prepare yon plan pou fè vini bitè Napoli a nan klèb kapital la sezon k ap vini. Yon lòt bò, klèb italyen an mande 100 milyon ewo pou jwè a.

PSG ap prepare yon plan pou atire Victor Osimhen nan ekip li a sezon kap vini. Klèb kapital la kap chache ranfò paske yo pa fin kwè Messi ap rete pou sezon k ap vini. Rezon sa ki fè Luis Campos ap reflechi sou kòman li kapab fè Nigeryen an siyen nan klèb la. Malgre koze fair-play finasyè a kapab yon andikap pou transfè a.

Victor Osimhen, se youn nan meyè atakan an Ewop pou sezon sa, atakan Naples la fè 21 gòl ak 5 pas gòl nan Serie A. Nan Champions League la, li gentan fè 4 gòl. Se jwè ki anfom nan chanpyona Ewop la aprè Erling Haaland.

PSG ki pral nan batay ak anpil lòt klèb tankou Manchester United, Chelsea, menn Real Madrid. Epi sak enpòtan, jwè a te fè konnen tout li gen anvi  pou l al jwe nan Premier League la.

Lajan Naples mande pou jwè a depase PSG pou rezon fair-play finasyè, sa ki ka pouse PSG vann jwè tankou Mauro Icardi ak Leandro Parades, jwè sa yo, klèb la prete yo ak lòt klèb.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article