Pwogram Biden : anpil Ayisyen nan peyi Etazini ap fè fas ak gwo presyon pou ede fanmi ak zanmi yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden anpil ayisyen nan peyi etazini ap fè fas ak gwo presyon pou ede fanmi ak zanmi
Depi Prezidan ameriken an, Joe Biden te fin anonse Pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la, anpil Ayisyen Ozetazini ap fè fas ak gwo presyon pou yo ede fanmi ak zanmi ki an Ayiti ki vle chape anba vyolans k ap ogmante peyi a.
Daprè sa plizyè Ayisyen ki nan peyi Etazini  rapòte, depi lè pwogram Imanitè sa te fin anonse,  yo inonde ak apel Ayiti, kote chak jou y ap rele pou yo mande pou yo aplike pou yo.
Genyen ki te fè konnen anpil moun malerezman pa nan pozisyon pou patwone oswa esponnsorize manm fanmi oswa zanmi yo ki ap viv an Ayiti , men moun sa yo kontinye ap resevwa apèl san rete.
Kominote Avoka imigrasyon yo te di, anpil Ayisyen k ap viv Ozetazini, ap lite ak gwo presyon, kote tout moun ap chèche rele osaw ekri yo, soti nan manm fanmi yo pou rive nan zanmi byen lwen oswa vwazen yo pa t pale avèk yo depi plizyè lane.
Menm jan tou, Tammy Rae, yon avoka Ameriken ki travay an Ayiti, te bay yon entèvyou nan youn nan radyo nan kapital la pou dekri pwogram imanitè a, li te di aprè entèvyou a,  »li te anvayi ak apèl Ayisyen ki ap viv an Ayiti k ap chèche yon patwon ».
Li te fè konnen Kèk fanmi kliyan li genyen te espere pou kliyan an patwone tout fanmi an nèt, yon sitiyasyon ki konn lakòz  Kèk fanmi Ayisyen ap fè gwo menas sou kliyan li yo  nan dyaspora a.
Se sak fè, avokat la te di, vrèman vre pwogram nan pral pèmèt anpil fanmi ini, men li pral lakòz anpil divizyon nan mitan anpil fanmi.
N ap raple, Prezidan Ameriken an, Joe Biden te fè konnen nan dat ki te jedi 5 janvye 2023 a, peyi Etazini pral aksepte 30,000 imigran ki soti nan 4  peyi sa yo: Ayiti, Kiba, Venzyela, Nikaragwa ki ranpli kondisyon  yo egzije yo.
Pou imigran 4 peyi sa yo antre nan peyi Tonton Sam nan, yo dwe ranpli kondisyon pou sa. Tankou  yo dwe gen yon patwon  oubyen yon moun kap ba yo esponsò ( Paran, yon gwoup san bi likratif, Legliz) Ozetazini ki dakò pou ba yo sipò finansye pandan 2 lane y ap rete yo ak lòt bagay anko.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.