Nan sèlman kèk mwa, USCIS te resevwa plis pase 1.5 milyon demann nan men moun ki espere patwone epi antre imigran ki sòti nan kat peyi yo. Yon chif ekstrawòdinè ki ta ka mete an danje objektif administrasyon Biden lan pou diminye travèse yo sou fwontyè yo, rapòte medya ameriken an CBS News.
Vrèman vre, jounal la fè konnen plizyè santèn milye aplikasyon parennaj sou non imigran ki sòti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela te akable travayè sosyal nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) an, ki pa ka apwouve plis pase 30,000 migran nan pwogram sila a chak mwa.
Dokiman entèn Depatman Sekirite Teritwa CBS News te jwenn fè konnen nan fen mwa pase a, ajans lan t ap resevwa an mwayèn prèske 12,000 aplikasyon pa jou nan men moun k ap chache patwone Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo. Yo rele chif sa a « akablan. »
Vrèman vre, plis pase 100,000 imigran te rive Etazini anba inisyativ parennaj la. Men, gouvènman ameriken an t ap sipèvize plis pase 580,000 ka annatant pou Ayisyen, plis pase 380,000 pou Kiben, prèske 120,000 pou Venezyelyen ak plis pase 20,000 pou Nikaragwan nan fen avril ki sot pase a. Lòt ka yo te revize oswa yo te apwouve.
N ap raple, Prezidan ameriken an, Joe Biden te anonse nan dat ki te 5 janvye 2023 a, Pwogram Imanitè pwovizwa ki pral pèmèt ak sitwayen Ameriken yo, rezidan yo ak lòt moun Etazini ki gen yon estati imigrasyon legal elijib pou patwone migran ki sòti Ayiti, Venezyela, Kiba ak Nikaragwa antre nan peyi Etazini depi yo dakò pou sipòte moun sa yo finansyèman. Migran ki rive nan kad pwogram sila a ap resevwa pèmi travay dezan ak lòt bagay ankò.
Facebook Comments