Pwogram Biden: Èske yon benefisyè kapab modifye yon enfòmasyon ki pa kòrèk nan dosye l la ?

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram biden Èske yon benefisyè kapab modifye yon enfòmasyon ki pa kòrèk nan dosye l la

Trè souvan anpil moun oswa anpil esponsò k ap ranpli fòm I-134A a konn fè erè swa nan non benefisyè a oubyen nan lòt enfòmasyon ankò. Se nan lide sa a, Anbasad amerikèn an Ayiti, nan yon seri kesyon repons, eksplike ki fason yon sipòtè kapab fè pou l modifye yon enfòmayson ki pa kòrèk nan fòm l-134A a.

« Depi USCIS fin konfime fòm sipòtè ou a, w ap kapab regade enfòmasyon li te soumet sou ou yo, òtograf non w, kowòdone w ak tout lòt enfòmasyon byografik sou ou », ekri Anbasad amerikèn sou kont Twitter li, tout pandan li kontinye pou l eksplike:  » li enpòtan pou w korije enfòmasyon byografik ou yo sou kont anliy USCIS ou a avan ou pase nan pwochen etap soumisyon enfòmasyon ou yo bay CBP ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, Anbasad amerikèn an Ayiti fè konnen benefisyè a p ap kapab korije enfòmasyon byografik li yo aprè CBP fin soumèt yon avi otorizasyon vwayaj.

Se sak fè, anbasad la di, si CBP soumèt yon avi pou vwayaj ki baze sou enfòmasyon ki pa kòrèk, benefisyè a ansanm ak sipòtè li an ap oblije rekòmanse pwosesis la nèt epi soumèt yon nouvo fòm 1-134A.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.