Pwofesyon ak estati sosyal migran ayisyen yo pa itil yo anyen nan lòt peyi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pwofesyon ak estati sosyal migran ayisyen yo pa itil yo anyen nan lòt peyi

Move lavi ak ensekirite a pa sispann pouse do Ayisyen ak Ayisyèn ki sou teritwa a pou y al chèche lavi lòt kote. Malgre divès jefò yon moun te ka fè nan vi l pa bò isit an Ayiti, depi l sove kite peyi a pou lòt kote estati pwofesyonèl li vin san valè.

Plizyè konpatriyòt Ayisyen plenn kalamite yo aprè yo fin fè yon pakèt tan chita sou ban lekòl epi tanmen yon seri etid pa bò isit, epi lè yo janbe lòt kote tout sa yo pa sèvi yo anyen, si bon zetwal pa gide yo. Lè konsa tout moun nan menm nivo: yo wè se yon moun ki sove kite peyi l pou zafè pa bon epi ak yon sèl estati, MIGRAN!

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou plizyè teritwa, an Ewòp kou an Amerik, Ayisyen yo pami kèk lòt ras peyi yo pa ofri yo bon direksyon se menm penpenp lan. Yo tou senpleman ap chèche lavi miyò lòt kote: yon dezyèm chans.

Genyen plizyè migran ayisyen ki eksprime endiyasyon yo nan sans sa, patikilyèman an Amerik di Sid ak Amerik di Nò. An Ayiti, kit yo te Pwofesè lekòl, Enjenyè, Atis, Kizinye, Polisye, Antreprenè, Sosyològ, Enfimyè, Medsen, Jounalis, pou n site sa yo sèlman, derape sou menm pant lan rete yon veritab defi. Se pito lòt djòb ki ofri ak yo, e yo oblije fè l paske lakay ofri miyò se vre men kondisyon vi a pa pèmèt yo jwi l.

Konsa genyen anpil Ayisyen ki chaje papye etid nan men yo ki oblije vin tounen bòs mason, mekanisyen, chapantye, travayè jaden oubyen gadyen timoun, pami plizyè lòt ti djòb toujou. Yo reziyen yo travay, olye yo tounen an Ayiti, yo pito bouche nen yo, yo bwè dlo…

N ap raple sòti 2021 pou rive jounen jodi a, se pa de milye Ayisyen ki pa sove kite peyi a akoz kriz la ki pa epanye pèsòn. Yo itilize tout mwayen pou sove kite lakay yo, atè, anlè oubyen sou lanmè. E si yo jwenn chans pile tè yon lòt peyi, yo fwote bouch yo atè di yo pa gendwa tounen lakay yo, an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.