Xavi gen dout sou retou Messi nan Barcelone

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
xavi gen dout sou retou messi nan barcelone

Istwa Lionel Messi ak PSG a pa lwen fini. Chanpyon Mondyal 2022 a pa gen okenn lide rete nan klèb kapital la pou yon lòt sezon. Kritik yo anpil pou Ajanten an ki pa rive ede PSG pran Lig dè Chanpyon an. Yon lòt bò, katalan yo pa gen lòt pwojè pou sezon k ap vini aprè fè Pulga a tounen nan klèb la. Yon transfè ki parèt enposib pou rezon finansye Barcelone pa genyen, sa ki mete anpil dout nan lespri Xavi.

Anonse plizye fwa nan peyi Arabi Sawoudit, jwè ki pran Balon dò 7 fwa a gen anpil anvi pou li retounen nan klèb kè li an. 30 jen k ap vini, kontra Messi ap bout ak PSG. Kidonk, jwè a ap lib pou l ale nan klèb li vle. Yon bon kou pou Barcelone men ki pa p kapab jere salè Pulga a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avan match fas ekip Valladolid la an deplasman, Xavi te reyaji konsa sou dosye retou Messi a nan mikwo laprès: « Leo se yon gwo jwè, yon jwè fantastik, se yon zanmi. Pou l retounen nan klèb la, gen anpil bagay ki dwe fèt. Se entansyon l ak sa li vle ki pi enpòtan. »

Sepandan, pou Barcelone rive fè Messi tounen, fòk li ta voye kèk jwè ki nan fen kontra yo ale. Messi nan PSG, se 700 000 ewo l ap touche chak semèn. Sa ki vle di FC Barcelone dwe aranje l pou l pa gen pwoblèm ak règ finansye Liga a mete sou kantite kòb yon jwè dwe touche. Kesyon ki kontinye ap poze : eske Barcelone ap gen mwayen vre pou l pran Messi ?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive