Yon moun mouri pandan dewoulman dezyèm jou kanaval la sou channmas 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
yon moun mouri pandan dewoulman dezyèm jou kanaval la sou channmas 

Lendi 20 fevriye 2023 a nan dezyèm jou kanaval Meri Pòtoprens òganize a vè 6zè nan aswè yon kavalye pèdi lavi l ak yon bal nan tèt sou plas Atis yo (place des artistes) ki chita kò l tou pre Komisarya Pòtoprens lan.

Vrèman vre, nan dezyèm jou kanaval Meri Pòtoprens òganize sou Channmas la fèmen ak yon zak sasinay. Vè 6zè nan apremidi pandan Kanaval la pral fini, yon sitwayen pran yon bal nan tèt kote li te rann dènye souf li menm kote a sou plas atis yo ki pa twò lwen Komisarya Pòtoprens lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan moman atik sa ap ekri a, idantite moun ki mouri a poko releve, ni rezon ki lakoz endividi sa pran bal sa a.

Fòk nou note kanaval Pòtoprens la òganize soti 10zè nan maten pou rive 6zè nan aswè, Meri Komin Pòtoprens lan te pran desizyon sa a, se nan lide pou pwoteje Kanavalye yo akoz pwoblèm ensekirite a. PNH la bò kote pa l enfòme li mobilize pou sekirize festivete sa a.

N ap raple, 15 milyon goud te debouse pa Gouvènman Ariel Henry a, nan objektif pou Majistra Pòtoprens lan kapab reyalize Kanaval 2023 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.