Pwogram Biden:USCIS pral bloke tout esponsò k ap mete aplikasyon plizyè fwa pou benefisyè yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
pwogram bidenuscis pral bloke tout esponsò k ap mete aplikasyon plizyè fwa pou benefisyè yo

Nan kad pwogram Imanitè Prezidan ameriken an te mete sou pye nan kòmansman ane 2023 a, USCIS pral anonse semèn sa, mezi pou bloke esponsò k ap mete aplikasyon plizyè fwa pou benefisyè yo, daprè sa òganizasyon IFSI-USA fè konnen.

Nan ka sa, USCIS gen yon sikilè ki ta dwe pibliye semèn sa, nan lide pou mande moun ki ap sipòte yo oswa esponsò yo, pou yo pa soumèt plizyè aplikasyon pou yon sèl moun oswa yon sèl Benefisyè, te fè konnen ayè Dimanch 16 avril la IFSI.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa, Enstiti Sèvis Fanmi Imigran yo (IFSI) fè konnen tou, pandan yon reyinyon ofisyèl imigrasyon yo te di tout moun ki soumèt yon aplikasyon pral gen repons, kit li pozitif oswa negatif.

Yon lòt bò, daprè USCIS yon moun ki te apwouve epi ki pou kèk rezon pa ka vwayaje gen otorizasyon pou depoze yon aplikasyon pou ekstansyon oswa pwolonje vwayaj sou sit entènèt USCIS la.

N ap raple, 5 janvye 2023 a, Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse yon pwogram Imanitè ki pral pèmèt imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman nan peyi Etazini. Prezidan an te fè konnen chak mwa gouvènman ameriken an ap bay 30,000 migran ki soti nan 4 peyi sa yo otorizasyon pou yo antre Etazini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.