Categories: AN KREYÒL

RDNP rann yon gran omaj ak ansyen Sekretè jeneral Éric Jean Baptiste

Share

Pati Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis yo (RDNP) reyalize ayè dimanch 13 novanm lan yon jounen omaj nan memwa Sekretè jeneral yo Éric Jean Baptiste ki mouri asasinen nan dat 28 oktòb 2022 a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Pou salye memwa defen Éric Jean Baptiste, pati RDNP reyalize yon jounen omaj nan lokal pati a ki twouve l nan Dèlma 49 kote divès pèsonalite politik, pami yo premye minis Ariel Henry, ak divès lòt nan sosyete sivil la ki te vin salye memwa ansyen Sekretè jeneral pati a. 

Yon aktivite ki te demare aprè rive premye minis lan, Ariel Henry, ki te debake sou gwo eskòt sekirite Polis nasyonal ak lame Dayiti.  

Nan seremoni sa, ansyen premye dam e Sekretè jeneral Mirlande Hyppolite Manigat te pwofite pou drese yon pòtrè Éric Jean Baptiste ki, daprè sa l di, pandan pasaj li kòm Sekretè jeneral pati a, rive mete anprent li sou pati a gras ak yon gouvènans tout moun ladan l. 

Fineray Éric Jean Baptiste chante jounen lendi 14 novanm lan nan legliz Senpyè ki twouve l nan komin Petyonvil. PDG Père Éternel Lotto a te tonbe anba bal nan sware vandredi 22 oktòb 2022 a nan Laboul 12 pandan l te sou wout pou rantre lakay li. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by