Real Madrid entèrese pou ta genyen sèvis Gonçalo Ramos

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
real madrid entèrese pou ta genyen sèvis gonçalo ramos

Jèn atakan pòtigè a k ap fè yon bèl sezon avèk Benfica Lisbonne, kapab debake nan kapital espanyòl la, Madrid, sezon k ap vini la, sou koulè Mezon blanch lan k ap swiv li e ki ta renmen genyen sèvis li.

Gonçalo Ramos k ap briye nan peyi Pòtigal avèk Benfica epi nan Lig dè Chanpyon an sezon sa kote l deja enskri 7 gòl e bay 3 pas desizif, kapab rejwenn Real Madrid ki pami gwo klèb ewopeyen ki entèrese pou ta pran l yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè jounal “Mundo Deportivo”, atakan pòtigè 21 lane an ki te fè kèk bèl pèfòmans nan dènye Koup Dimond lan avèk sitou triple li fas Laswis lan, atire atansyon dirijan “Merengue” yo k ap swiv li e ki ta anvizaje fè l vini Madrid sezon k ap vini an.

Gonçalo Ramos ki pami pi bon bitè Lig dè Chanpyon an sezon sa, genyen yon dispozisyon nan kontra li an ak Benfica Lisbonne ki fikse a 120 milyon ewo pou ta kite l ale. Yon montan ki kapab konplike vini li nan ekip Real Madrid la.

N ap raple, pandan dènye mèkato nan kòmansman ane an, Benfica Lisbonne ta pral rantre 121 milyon ewo nan mwa janvye ki sot pase an avèk transfè Enzo Fernández nan Chelsea an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.