Nan kad kadefinal retou ant Bayern Munich Ak Manchester City nan Champions League la, jodi mekrèdi a, Citizens yo elimine Bayern aprè yon match nil (1-1), match ale a, nan Ethiad Staduin nan, ekip Giuardiola te genyen Bavarois yo byen fasil (3-0). Manchester City fas Real Madrid, se remake demi final sezon pase a. Demi final yo ap fèt 9 me ak 17 me 2023.
Pou yon lòt fwa Manchester City rive nan demi final Champions League la aprè l fin genyen Bayern Munich (4-1) sou 2 match yo. Bavarois yo pa rive fè remontada fas Sky Blues yo. Bitè pou Sky Blues yo pou rankont sa se Erling Haaland, ki kontinye ap kraze sezon sa nan Premier League la ak Champions League la, pou 41 match Novegyen an jwe li fè 48 gòl ak 6 pas gòl(fenomenal). Atakan Citizen nan pase tou prè yon double aprè l te rate yon penal.
Yon lòt bò, ekip Bayern nan pase yon pati nan match la ap chache yon gren gòl, yon gòl ki pral fèt jis nan 83tyèm minit ak Kimmich sou penal. Ekip Manchester City a byen metrize ekip Tuchel la. Tuchel ki pa rive nan lide ekip Bayern nan ka pran tout tit ki te sou wout li, li elimine nan Koup Almay la epi Champions League la.
Yon demi final ki anonse anpil pwomès foutbòl ant 2 pi gran antrenè pou 10 dènyè ane sa yo, yon batay ant 2 pi gran ekip nan moman. Se pral yon match enpòtan pou 2 fòmasyon yo, Citizen yo pral chache yon 2zyèm final nan istwa Konpetisyon an epi pran revanch yo pa rapò ak sezon pase a. Real Madrid li menn pral deyè kalifye pou yon lòt final epi fè back to back la.