Real Madrid k ap chache yon atakan pou sezon k ap vini an, konte pran bitè Anglè a, Harry Kane, pou pwochen mèkato ete a. Jwè a ki pase 10 lane nan Tottenham, ki pa janm pran yon grenn tit, anvi al fè yon lòt eksperyans. Aprè yon move sezon pou madrilèn yo, Florentino Perez konte ranfòse ekip la epi jwenn yon bon atakan pou asire avni klèb la devan aprè Benzema.
Real Madrid fè Harry kane youn nan priyorite l pou sezon k ap vini an. Atakan 29 lane a ki fin pase anpil tan nan Tottenham, pa gen okenn entansyon rete ak Spurs yo pou yon lòt sezon. Real Madrid se youn nan klèb ki enterese ak jwè a. Pou sa, fòk Real panse ak salè jwè a epi jwenn lajan pou l achte l. Transfè a kapab koute yo 100 milyon ewo.
Aprè imilyasyon nan demifinal retou Lig dè Chanpyon an fas Manchester City epi Liga yo pèdi a, Florentino Perez kòmanse mete fokis pou sezon k ap vini an. Harry Kane epi Jude Bellingham se 2 jwè Madrilèn yo konte siyen pou mèkato ete a. Kidonk li posib pou 2 anglè ta debake nan Liga sezon k ap vini. Daprè « Cadana Ser », Real Madrid montre l entèrese ak transfè meyè bitè istwa klèb Totteham lan.
Facebook Comments