Tout chanpyona yo ap fini nan kèk jou ankò. Kous pou Balon dò a prèske rive nan bout li. Aprè Mondyal 2022 a ki peze fò nan balans lan, chanpyona yo ak Lig dè Chanpyon an jwe yon gwo wòl pou tit la. Sou 12 mwa ki sot pase la, ki jwè ki pral swiv tras Karim Benzema ki te pran tit lan pou sezon pase a ? Men lis 5 jwè ki kapab pran Balon dò a aprè Fransè a.
5- Vinicius Junior (Real Madrid)
Pou sezon sa, Vinicius fè 24 gòl epi bay 25 pas desizif. Li pran Copa del Rey, Mondyal klèb yo epi Sipèkoup UEFA a. Malgre tout sa l ap sibi nan Liga a, Brezilyen an rete youn nan jwè klas mondyal yo. Imilyasyon nan Lig dè Chanpyon an fas Manchester la, se youn nan eleman ki mete l nan 5èm plas la pou Balon dò a.
4- Lautaro Martinez (Inter)
Ajanten an make 26 gòl epi bay 11 pas desizif. Li pran Mondyal 2022 a, Koup Itali a ak Sipèkoup Itali a. Li se jwè ki make gòl kalifikasyon pou Inter al nan final Lig dè Chanpyon an. Malgre move sezon ekip Inter a nan Seria A, Martinez se youn nan favori yo menm si l ta rate final Istanbul la fas Manchester City.
3- Kylian Mbappé (PSG)
Nimewo 7 PSG a reyalize 52 gòl ak 13 pas desizif pou sezon an. Li sou wout pou l pran Ligue 1 an ak PSG epi fini meyè bitè. Li se Soulye dò Mondyal 2022 a.
2- Erling Haaland (Manchester City)
Rive Haaland nan Premier League la ede City anpil sezon sa, se yon plis. Li fè 53 gòl avèk 8 pas desizif. Ansyen jwè Dortmund lan pran Premier League la epi ap fini meyè bitè chanpyona a. Pou l rete nan 2zyèm plas sa, li dwe desizif nan final Lig dè Chanpyon an ak final FA Cup la.
1- Lionel Messi(PSG)
Pou sezon 2022-2023 a, Messi reyalize sa ki te pi difisil nan karyè l la, ki se ranpòte yon Mondyal ak seleksyon ajantin lan. Sa l te rive fè 18 desann pase a. Li fè 37 gòl epi reyalize 25 pas desizif. Li nan kous Balon dò a malgre move sezon li ak PSG ki pa rive lwen nan Lig dè Chanpyon an sezon sa.
Anpil nan jwè sa yo kapab chanje plas aprè chanpyona yo ak Lig dè Chanpyon an.
Facebook Comments