Repiblik Dominikèn voye vann Ayiti plis pase 40 milyon ze chak mwa 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
repiblik dominikèn voye vann ayiti plis pase 40 milyon ze chak mwa 

Aprè desizyon gouvènman dominiken an te fin pran pou fè yon kanpe pandan 15 jou sou ze y ap voye vann Ayiti yo, genyen Asosyasyon avikòl dominiken (ADA) ki rapòte genyen anviwon 40 milyon ze ki sòti Repiblik Dominikèn pou vin vann sou mache ayisyen an. 

Ayiti, prensipal mache endistri ze an pou Repiblik Dominikèn, kontinye ap pwodui pou reponn ak demann yo kote Asosyasyon avikòl dominiken an fè konnen pou ane 2022 an genyen yon ogmantasyon 32% nan pwodiksyon sektè an ki pase de 220 a 290 milyon ze pa mwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prezidan asosyasyon an, José López Deschamps, fè konnen pwodiktè yo ogmante kantite poul k ap repwodui yo a 54% kote yo pase 78 000 a 120 000, epi sa k ap ponn yo ki konnen yo ogmantasyon 29 % ki sòti nan 8,5 pou rive nan 11 milyon jounen jodia. 

Mesye Deschamps deklare egalman daprè pwojeksyon estatistik ajans gouvènmantal yo, pwodiksyon yo ap kontinye ogmante mwa aprè mwa avèk rantre nan sektè an nouvo pwodiktè epi nouvo poul k ap kapab ponn plis ze toujou. Toutfwa, prezidan ADA a rekonèt mezi entèdiksyon pou voye vann ze Ayiti an kapab gen konsekans sou sektè an. 

Prezidan Asosyasyon avikòl dominiken an pwopoze pou gouvènman an ta fòme yon komisyon melanje ant reprezantan gouvènman an ak prensipal asosyasyon ki nan pwodiksyon ze yo pou analize mezi sa epi jwenn yon konsansis k ap kapab asire estabilite pri yo nan enterè pwodiktè ak konsomatè yo. 

Daprè Asosyasyon ekspòtatè dominiken yo (Adoexpo), sòti janvye pou rive novanm 2022, Repiblik Dominikèn voye vann ze Ayiti pou 109 244 dola ameriken, yon chif ki bese parapò ak peryòd avan Kowonaviris lan. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.