Depi kòmansman ane 2023 a, pi gwo sant k ap bay laswenyay nan peyi a tanmen yon grèv pou move tretman gouvènman an ap bay moun k ap travay nan lopital jeneral yo.
Lopital inivèsite leta d Ayiti a ki gen kòm sig nan lang fransè a (HUEH) nan grèv daprè doktè Novensky Aurélien nan yon entèvyou li bay sou yon estasyon radyo nan kapital la…
Doktè a fè konnen moun k ap travay nan lopital leta a paka fonksyone byen ak Tikal lajan yap touche a li mande ogmantasyon salè 11,250 goud anplwaye yo ap touche chak mwa, yon salè ki la depi plis pase 6 lane
Pandan tout bagay ap monte nan peyi a kous machin triple, pwodwi Premye nesesite ogmante kat fwa plis pou yon moun k ap bay swen ap touche yon pitans konsa se pou gouvènman an panse ak anplwaye nan lopital leta a pou yon pi bon kondisyon lavi.
Medsen an kontinye poul di grèv la ap toujou kenbe jis kaske revandikasyon yo satisfè
Pandan yon medsen ap jere peyi a epi sektè sante a, lopital jeneral pa fonksyone, moun ap mouri pou laswenyay pa gen oksijèn nan lopital yo tout pandan Ayiti ap konnen yon tibilans politik.
REDAKSYON : JOCELYN Couyoute