Jodi Lendi 9 janvye 2023 sa, Ayiti leve san okenn eli lejitim, manda ti rès sena a fini 

Netalkole Media
ParNetalkole Media
jodi lendi 9 janvye 2023 sa, ayiti leve san okenn eli lejitim, manda ti rès sena a fini 

Depi 2016 pa janm gen eleksyon ki fèt nan peyi a, eleksyon ki te bay Jovenel Moïse kòm prezidan ak yon tyè nan sena ki te eli pou 6 lane a, manda yo pran fen jodi lendi 9 janvye 2023 a. 

Manda ti rès sena ki te gen nan tèt li kòm prezidan Joseph Lambert a fini, men non tout eli manda yo fini jodi an : Joseph Lambert, Patrice Dumont, Garcia Delva, Rony Célestin, Jean Rigaud Bélizaire, Denis Cadeau, Jean Marie Ralph Féthière, Wanique Pierre, Kédlaire Augustin et Pierre François Sildor,  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avan manda Senatè sa yo pran fen dezyèm Lendi ane sa, sou gouvènans Jovenel Moïse la nan lane 2020 de tyè (2/3) nan manda sena a te fini, men Pat janm gen eleksyon pou te konplete rès de tyè a jis Jovenel Moïse te vin mouri epi lage Peyi a nan men Ariel Henry nan yon pouvwa ki gen yon sèl tèt 

Depi inogirasyon li, misyon li se te fè referandòm Jovenel Moïse t ap pwone a ak òganize eleksyon yo, malerezman pwomès yo sanble ap miltipliye. 

Nan selebrasyon 219vyèm ane endepandans peyi a li te deklare, malgre gang ap fè lalwa nan peyi a men ane 2023 sa se yon ane elektoral pou gen yon prezidan ki eli nan peyi a épi pou 3 pouvwa yo fonksyonèl. 

 

REDAKSYON : JOCELYN Couyoute

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.