Bèljik pa rive pase premye tou nan Mondyal FIFA Kata 2022 a. Aprè gwo desepsyon sa pou Dyab Wouj yo, antrenè a, Roberto Martinez deside remèt demisyon l nan tèt ekip la.
Aprè 3 match li jwe, seleksyon Bèljik la dwe rantre lakay li paske li pa rive pase premye you konpetisyon an. Akoz gwo fyasko sa pou youn nan ekip ki te favori yo, Roberto Martinez deside li p ap antrene seleksyon sa ankò.
Depi nan match anfas Kanada a, Bèljik te montre anpil feblès men l te fè yon kout viktwa (1-0). 2 rezilta ki vin aprè yo pa t ka ranje koze ekip Bèlj la : li te tonbe devan Mawòk (2-0) avan l konnen yon match nil tris devan Kwowasi (0-0) ki tou montre l baryè sòti a.
Jenerasyon dore peyi Bèljik la ki gen ladan l Hazard, De Bruyne, Lukaku, Courtois, Alderweireld ak anpil lòt sipèsta te sanse ap jwe dènye gwo tounwa entènasyonal yo ansanm. Li prèske enposib pou yo ta ranpòte tounwa majè yo reve depi kèk tan an.
Facebook Comments