Roberto Martinez se nouvo seleksyonè Pòtigal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
roberto martinez se nouvo seleksyonè pòtigal la 

Eliminasyon seleksyon Pòtigal la nan kafefinal Mondyal Kata 2022 a te mete yon bout nan kolaborasyon federasyon an ak Fernando Santos. E kòm seleksyon an dwe relanse l pou l pare konpetisyon k ap vini yo, federasyon an chwazi remèt ekip la bay Roberto Martinez, ansyen antrenè Bèljik la. 

Mondyal 2022 a pa t bon pou anpil peyi. Plizyè peyi te desevwa moun pou fason yo te tonbe oubyen stad konpetisyon an yo t elimine. Anpil fwa, se seleksyonè a ki peye po kase a lè yon ekip soti nan yon tounwa. Anpil lòt fwa, se fòt yo menm akoz move desizyon yo konn pran ki konn penalize ekip la. Nou ka pran Fernando Santos, antrenè Pòtigal nan Mondyal la, kòm egzanp sou pwen sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Federasyon Pòtigèz la ki te fè yon kraze kite sa ak Santos, jwenn moun ki pral ranplase l la. Se Roberto Martinez ki pral pran kòn seleksyon an. Martinez t ap antrene Bèljik depi kèk tan. Li te fini 3è ak Dyab Wouj yo nan Mondyal 2018 la. Panyòl la kite pòs li nan tèt ekip Bèlj la apre fyasko li fè nan dènye Mondyal la kote Bèljik te elimine depi nan premye tou. 

Prezidan Federasyon Pòtigèz Foutbòl la, Fernando Gomes pa t kache lajwa l lè l t ap anonse nouvèl la : “ M apresye antouzyas ak anbisyon li te genyen lè l t ap aksepte pwopozisyon nou an. Se yon moman enpòtan pou ekip nasyonal nou an ” konsa prezidan an te kòmante. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.