Rodney Noël pa manadjè Harmonik ankò, daprè yon nòt mayestwo Nickenson Prud’homme siyen

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
rodney noël pa manadjè harmonik ankò, daprè yon nòt mayestwo nickenson prud'homme siyen

Daprè yon nòt ki pibliye ayè lendi 23 janvye 2023 a, gwoup Konpa ayisyen an Harmonik anonse divòs li ak  » manadjè  » li ki se Rodney Noël, aprè yon long peryòd yo travèse ansanm. Menm lè se pat yon desizyon ki te twò fasil, daprè nòt la. 

Nickenson Prud’homme ki se mayestwo ak ko-pwopriyetè gwoup Harmonik la te anonse nan yon nòt ayè lendi 23 janvye a, Rodney Noël pa manadjè gwoup Harmonik la ankò. 

Aprè plis pase yon semèn rimè k ap kouri sou rezo sosyal yo sou 2 pati yo, Nickenson Prud’homme ki se manm fondatè gwoup Harmonik lan, bay kèk detay pou fèmen tout move langaj k ap voye toya san rete yo. 

« Rimè k ap kouri chak jou pi plis sou degradasyon gwoup Harmonik lan yo konplètman san fondman « ,daprè sa Nicky te ekri nan nòt la. 

Malgre se te yon desizyon ki te pran ansanm, men li pat fasil pou yo te aksepte separasyon ant Rodney  ak gwoup Harmonik la. 

 « Se pat yon desizyon ki te fasil, men tou nou te byen reflechi. Nou vle remèsye l piblikman pou sipò l pou tout ane sa yo epi pou tout tan sa yo li fè bò kote nou », deklarasyon lidè a atravè nòt la. 

 Se pa pou premye fwa Rodney ko-pwopriyetè gwoup Harmonik la, ak lòt lidè yo te konn gen pwoblèm, sa konn repete deja. Aprè li te kite gwoup la an 2014, inisyatè gwoup « Haitian Compas Festival » te fè reyaparisyon nan dat 7 janvye 2016. 

Se yon bagay ki repete ase souvan nan gwoup konpa Ayisyen yo. Souvan gen yon mezantant, swa bò kote mizisyen yo, oubyen ant chantè yo. Pi gwo pwoblèm ki genyen, se yon mank tolerans ak sipò youn pou lòt. Se rezon sa ki lakoz anpil gwoup ap divize konsa. Kidonk gwoup yo dwe jere pwoblèm sa yo si non y ap kraze youn aprè lòt epi ap fenk kare gen separasyon. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.