Salvadò : yon gangstè kondane ak 1 310 lane prizon

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
salvadò yon gangstè kondane ak 1 310 lane prizon

Yon tribinal peyi Salvadò kondane manm yon gang ak 1 310 lane prizon pou divès krim li komèt, daprè sa lajistis Salvadò rapòte, nan vwa pwokirè jeneral Rodolfo Delgado, sou rezo sosyal yo.

Wilmer Segovia, ki fè pati gang Mara Salvatrucha (MS13), rekonèt koupab paske li komèt 33 omisid, 9 pwopozisyon pou touye moun ak divès ekstòsyon.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Manm gang ki fè moun soufri ak fè dlo koule nan zye pèp Salvadò a, YO PA SÒTI NAN PRIZON. Y ap ret fèmen jiskaske yo peye pou chak grenn krim yo fè. N ap okipe yo byen okipe”, se deklarasyon responsab la sou Twitter.

Gen yon lòt gangstè ki pran 945 lane prizon, nan menm selil MS13 la. Li koupab pou 22 omisid, 4 pwopozisyon pou touye moun epi ekstòsyon.

N ap raple, nan fen mwa mas 2022 a, Kongrè a nan peyi Salvadò te apwouve yon lwa ki pèmèt yo bay manm gang yo santans ki pi di, yon repons avèk yon pakèt ka omisid teritwa t ap konfwonte alepòk.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.