Sasinay jounalis Romelson Vilcin : Direksyon Jeneral Polis Nasyoal la anonse ouvèti yon ankèt 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
sasinay jounalis romelson vilcin direksyon jeneral polis nasyoal la anonse ouvèti yon ankèt 

Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Dayiti montre jan li nan lapenn aprè nouvèl lanmò jounalis Romelson Vilsaint, nan lopital Bernard Mevs, ayè dimanch  30 oktòb la aprè yon ajan polis administrativ ta lanse yon bonbòn gaz lakrimojèn ki te menm koze lanmò jounalis la pandan entèvansyon polisye yo nan komisarya Delmas 33 a. 

Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti a fè konnen enstriksyon yo te pase bay Enspeksyon Jeneral Polis la lòd pou l kòmanse yon ankèt prese prese, nan sousi  pou detèmine sikonstans yo epi fikse responsablite yo sou zak sasinay  jounalis Romelson Vilsaint ki malerezman mouri nan kad travay li anba men yon ajan fòs lòd. 

Si n ap sonje tou, ankèt jesyon Lapolis Nasyonal Dayiti te anonse sou sasinay jounalis Maxiben Lazare, yon ajan polis te touye toujou nan kad travay li pandan yon manifestasyon ouvriye Sonapi yo, jiskaprezan poko wè tras limyè. 

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.