Òganizasyon politik Fanmi Lavalas, nan yon nòt piblik, fè konnen li kondane ak tout fòs li kidnapin ki fèt sou ansyen minis Anthony Dessources ki se manb direktwa pati a epi divès krim k ap fèt toupatou nan peyi a dènye tan sa yo.
Nan nòt sa ki pibliye aprè anlèvman samdi 29 oktòb manb direktwa pati a Anthony Dessources ak tout bòfrè li Ronald Germain, komite egzekitif Fanmi Lavalas la denonse epi kondane tout krim, tout masak, ak tout kidnapin k ap fèt sou popilasyon an depi kèk tan.
Òganizasyon politik Fanmi Lavalas pwofite pou voye senpati l bay fanmi divès viktim yo, an patikilye fanmi agwonòm Dessources ki, depi samdi, anba men kidnapè.
Nan nòt sa, Fanmi Lavalas souliye divès krim ki make finisman mwa oktòb la, pami yo nou ka site tantativ asasina sou jounalis Magik 9 ak Le Nouvelliste Roberson Alphonse, asasina jounalis Tess Garry, san bliye Sekretè jeneral RDNP a Éric Jean Baptiste nèg ak zam touye nan Laboule 12.
Facebook Comments