Se pa vre ! pyès Ayisyen poko vwayaje sou pwogram imanitè Biden lan   

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
se pa vre ! pyès ayisyen poko vwayaje sou pwogram imanitè biden lan 

Kontrèman ak enfòmasyon ki ta fè kwè plizyè sitwayen Ayisyen deja valide oubyen vwayaje sou pwogram imanitè prezidan meriken an Joe Biden, te anonse nan dat 22 janvye 2021 an, se manti. Administrasyon Biden lan te anonse li ta retabli pwoteksyon pou imigran ayisyen administrasyon ki te la anvan yo te refize yo. Sa vle di, Ayisyen ki elijib yo pral kapab aplike pou Estati Pwoteje Tanporè a (TPS) epi, si aplikasyon yo apwouve, yo pral kapab viv epi travay legalman nan peyi Etazini pandan tout tan pwoteksyon an.  

Apre desizyon sa a, nan dat 5 janvye 2023 a, Prezidan Biden te endike li vle retabli pwoteksyon pou imigran yo; ogmante kantite viza yo akòde yo epi redwi politik restriksyon administrasyon anvan an te mete an plas yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Depi ayè vandredi an, plizyè rimè ta fè kwè, plizyè sitwayen Ayisyen deja pran avyon nan kad pwogram sa a, se pa vre !  Daprè enfòmasyon yo, se yon mesaj ki otomatik tout moun dwe resevwa ki eksplike, ” yo resevwa demann ou an, l ap analize epi y ap ekri w sou imèl nan yon ti tan”,  nou te konrakte 2 pèsonèl nan migrasyon an ki te fè nou konnen, ” se kèk avoka ki ap tante fè kòb sou moun yo ki kouri rimè a”, pi lwen pèsonèl yo aprann nou genyen plis pase 10 mil demann paspò ki depoze pandan 2 dènye semèn sa yo. 

Li enpòtan pou n raple, pou Etazini resevwa 30 mil imigran chak mwa lakay li, dwe gen yon otorizasyon ki apwouve bò kote Kongrè a ki se yon pwosesis konplèks ki ka pran ti tan epi ki depann de yon alyans politik[…] Pou bay Ayisyen yo limyè vèt pou vwayaje Etazini nan tout konfòmite. Nan yon pòs li fè sou Twitter, avoka Tammy Rae mansyone: ” Plizyè otorizasyon vwayaj deja rapòte atravè pwogram libète pwovizwa CHNV 134 la”, nou ta dwe remake tou, pwogram sa a pa sèlman vize imigran ayisyen, men tou, imigran  Kiben, Nikaragwayen ak Meksiken. Pwogram sa a pral pèmèt legatè yo vin viv epi travay san pwoblèm Ozetazini pou yon peryòd 2 lane, depi yo ranpli tout kondisyon ki nesesè yo. 

Li enpòtan pou imigran ayisyen yo familyarize yo ak egzijans epi kondisyon pwogram TPS la anvan yo aplike pou evite erè. Li enpòtan tou pou konpatriyòt nou yo sonje raple yo, anons an se pa yon rezolisyon pou pwoblèm estati pèmanan yo, kidonk li pa garanti rezidans pèmanan nan peyi Etazini. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.