Afè Jovenel Moïse: Pastè Emmanuel Sanon odisyone nan kabinè enstriksyon 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
afè jovenel moïse pastè emmanuel sanon odisyone nan kabinè enstriksyon 

Jij ankèt ki responsab dosye asasina defen Prezidan Jovenel Moïse, Walter Wesser Voltaire te fè odisyon, vandredi 13 janvye 2023 a, Pastè Emmanuel Sanon nan kabinè enstriksyon an. 

Plis pase yon lane apre asasina Prezidan Jovenel Moïse la, odyans yo ap kontinye nan kad ankèt ki louvri sou dosye sa a.  Pastè Emmanuel Sanon fè pati yon lis anviwon karant moun nan prizon nan penitansye nasyonal la pou asasina 58èm prezidan ayisyen an, ki te asasinen nan lanwit 6 pou rive 7 jiyè 2021, pa yon komando, nan rezidans prive li, nan Pèleren 5, nan wotè Petyonvil. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Mèt Stanley Gaston, avoka pastè a, kliyan li reponn a envitasyon jij ankèt la nan kad dosye sa a , e li a dispozisyon lajistis paske se yon pwosesis ki pral trè long, tout pandan li te kontinye pou li di odisyon an te byen pase e li te fè konnen tou li te satisfè ak sesyon an.  Li pwomèt koperasyon kliyan li pandan pwosesis la. 

N ap raple, Emmanuel Sanon akize kò m youn nan sispèk ki te patwone operasyon kote prezidan an te egzekite, jou 7 jiyè nan mitan lannwit lan, nan rezidans li, pa yon komando ki te konpoze de 2 ayisyen Ameriken ak 26 ansyen sòlda Kolonbyen.  

Men n ap note, dapre dènye eleman ankèt la, revele dimanch 10 jiyè nan ane ki sot pase a premye pwojè Christian Emmanuel Sanon se pa t pou te asasinen ansyen Prezidan Moïse, men se te pito arete li, nan lide pou okipe plas Jovenel Moïse t ap okipe a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.