FIFA prevwa sanksyone Ajantin ak Kwoasi  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
fifa prevwa sanksyone ajantin ak kwoasi  

Aprè Mondyal 2022 a, FIFA ki se enStans k ap jere foutbòl la anonse jodi vandredi a yon pwosedi kont seleksyon Ajantin nan ak Kwoasi, pou konpòtman yo nan rankont Frans epi Mawòk la. Li posib pou 2 ekip sa yo ta vyole atik 11 12, 13, epi 16 nan kòd  disiplin FIFA pandan konpetisyon an nan peyi Kata. 

Aprè anpil pale anpil ki te fèt sou jès ak konpòtman gadyen ajanten an Emiliano Martinez aprè Mondyal la ak Lovren ki ta gen pawòl diskriminan kont jwè Mawòk yo. FIFA anonse li lanse yon pwosedi kont 2 seleksyon sa yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan atik 11 lan,  ki mete aksan sou vye konpòtman ak vyolasyon fair-play. Epi 12 la ki gen pou wè ak konpòtman jwè ak ofisyèl. Li posib pou Ajantin ta vyole 2 atik sa yo, san nou pa bliye konpòtman Martinez kont Mbappé.  

Yon lòt bò ekip Kwoasi a ta sanble vyole atik 13 la ki pale sou diskrimasyon ak 16 la ki gen pou wè ak lòd epi sekirite nan match yo. Yon videyo ki tap sikile sou rezo sosyal yo te montre kote ekip Kwoat la t ap selebre pandan yo tap chante yon chan ki gen rapò ak fasis.  

Nan menm kominike sa FIFA fè konnen Sèbi, Mesik ak Ekwatè gentan tonbe anba sanksyon pou vylasyon atik 13 la, kote fanatik yo tap chante yon chan ki gen rapò ak diskrimasyon.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive