Se yon fo nouvèl, ti lèzanj 3 lane yo te vyole nan Dam Mari a pa mouri

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
se yon fo nouvèl, ti lèzanj 3 lane yo te vyole nan dam mari a pa mouri

Atansyon ak enfòmasyon k ap sikile sou entènèt la ki fè kwè ti lèzanj 3 lane Wagler Luc, endividi 25 lane te vyole nan lokalite Dam Mari a mouri, se yon manti.

Daprè kontak nou te fè bò kote pwòch fanmi ti pitit la, li bèl epi byen vivan, li kontinye ap pran swen nan yon lopital. Nou te kontakte Gerald Guillaume, yon responsab nan IDETTE, daprè deklarasyon konsène a, ti pitit la sèlman genyen ti doulè nan vant li, men apresa, l ap eseye fè mye tipa tipa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pi lwen, responsab la konfime redaksyon an, foto k ap sikile sou rezo sosyal yo se pa foto ti pitit la. Li mande ak lotè enfòmasyon an pou rantre an kontak ak medsen epi fanmi pwòch ki responsab viktim lan pou jwenn bon jan enfòmasyon sou sante ti pitit 3 la, nan sousi pou ede fanmi an nan moman difisil sa yo.

N ap raple, Lapolis nan Dam Mari te mete anba kòd depi 7 janvye pase a Wagler Luc, 25 lane, aprè li te fin vyole tifi 3 lane sa andedan kay marenn li. Medsen yo te oblije opere ti bebe sa pou l pa t pi grav.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.