Jean Renel Sénatus estomake aprè mezi Luis Abinader pran kont Claude Joseph la 

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
Foto: Loop Haiti

Nan yon piblikasyon li fè sou kont Twitter li jounen jedi 8 septanm 2022 an, ansyen senatè Jean Renel Sénatus denonse mezi Leta dominiken pran pou entèdi ansyen premye minis Claude Joseph ansanm ak 12 chèf gang k ap opere Ayiti rantre sou teritwa l lan. 

Pou ansyen senatè lwès la, dispozisyon prezidan dominiken an pran pou asosye ansyen premye minis pou ti bout tan peyi a sou menm lis ak chèf gang k ap ravaje sosyete a se yon derespektan. 

«Yon Peyi lib poul di kiyès ki ka rantre lakay li ou pa, Men zafè mete yon ansyen premye minis peyi a sou menm lis ak bandi kap fini ak sosyete a,bandi ki itilize zam ak minisyon ki pase sou fwontyè terès de peyi yo,saa grav. Se yon gwo derespektan. Dr Claude Joseph se Ayisyen!», sa nou kapab li sou kont ansyen palmantè an. 

Nan menm jounen jedi 8 septanm lan, ansyen minis afè etranje a te reyaji pou te fè konnen aksyon prezidan dominiken an se pa yon sanksyon, men pito yon onè, e li resevwa l nan non zanzèt yo. 

- Advertisement -
Ad image

Nan sware mèkredi 7 septanm lan, prezidan Abinader te pran yon dekrè pou mande imigrasyon entèdi ansyen premye minis pou ti bout tan Ayiti an, ansanm ak 12 chèf gang ki ap opere sou teritwa ayisyen an pou pa rantre an Repiblik Dominikèn. 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.