Nan tiraj osò pou pwochen Lig dè Nasyon yo ki fèt ayè madi 16 me a, Seleksyon nasyonal ayisyèn lan pataje gwoup B konpetisyon sa ansanm avèk ekip tankou Jamayik, Kiba, Onndiras, elatriye…
Grenadye yo ki pral gen pou evolye nan Lig A konpetisyon sa aprè yon kanpay prèske san fot li an pandan dènye edisyon an, pral gen pou jwe nan pi wo nivo foutbòl Concacaf la bò kote seleksyon jamayikèn la ak ekip Onndiras la.
Seleksyon nasyonal ayisyèn lan twouve l nan gwoup B pou edisyon Lig dè Nasyon 2023-2024 la ansanm ak ekip tankou Jamayik, Onndiras, Kiba, Sirinam ak Grenad. Grenadye yo ap jwe nan Lig A pou edisyon sa.
Nan tiraj osò sa ki òganize ayè madi an, Concacaf anonse de (2) premye nan chak gwoup yo (A, B) ap kalifye pou kadefinal nan rès konpetisyon an kote y ap rejwenn Etazini, Meksik, Kanada ak Kostarika ki kalifye san jwe premye faz la.
N ap raple, kanpay Lig dè Nasyon sa ap tou sèvi pou eliminatwa pwochen Copa America a k ap fèt nan lane 2024 kote 4 ekip nan Concacaf la ap gen pou patisipe nan konpetisyon sa Conmebol ap òganize.
Facebook Comments